Pwogram Jesyon Aksè Sant Fatra ak Resiklaj (TRC) Depatman an konpare enfòmasyon ki sou kont kliyan ak adrès pwopriyete ki sou lisans chofè oswa kat idantite yon rezidan pou detèmine elijibilite pou itilize TRC yo. Se sèlman pwopriyetè oswa lokatè ki gen pwopriyete andedan zòn sèvis Depatman an e ki sibi evalyasyon frè anyèl pou fatra Depatman an ki elijib pou itilize TRC yo.
Si yo te avize w ke enfòmasyon sou lisans chofè/kat idantite ou pa koresponn ak enfòmasyon sou kont nou an, tanpri ranpli fòm ki anba a epi voye yon fotokopi lisans ou ak youn nan dokiman ki egzijib yo. Tanpri kenbe yon kopi fòm sa a pou dosye w. Gen anplwaye ki va fè rechèch sou adrès pwopriyete w la ak dokiman sipò yo pou detèmine si w elijib pou w itilize TRC yo.
• Si w elijib, w va resevwa yon lèt oswa yon imel ki konfime elijibilite e nou va aktyalize enfòmasyon kont nou an.
• Si w pa elijib, w ap resevwa yon lèt oswa yon imel ki endike poukisa yo refize pwochen aksè.